Byenveni nan Your Financial BFF Community 💛
Hey bestie, mwen kontan ou la 🫶🏾 Kominote sa se yon safe space, san jijman, kote nou aprann pale lajan klè nan lang nou kreyol, epi pran kontwòl sou finans nou, etap pa etap. Kominote sa a se pou ou si: • Ou vle konprann lajan san strès • Ou vle aprann fè bidjè, ekonomize, ak itilize kredi entèlijaman • Ou vle konprann jan sistèm finans mache nan etazini • Ou vle konprann asirans lavi, retrèt, ak pwoteksyon finansye • Ou vle grandi finansyèman ak sipò yon kominote ki konprann ou Sa ou pral jwenn isit la: • Edikasyon finans an kreyòl, fasil pou konprann • Klas sou bidjè, ekonomi, kredi, pwoteksyon, ak baz envestisman • Leson sou asirans lavi, retrèt, ak opòtinite finansye • Envite spesyal detanzantan • Aksè dirèk ak mwen ak kominote a Kijan sa mache: • Nou gen klas Zoom live chak samdi a 2 PM • Lyen Zoom la ap toujou poste isit la nan calendar a. • Si ou rate klas la, anrejistreman an ap poste nan kominote a. • Ou ka poze kestyon, pataje, epi aprann nan ritm ou. Sa a se pa sèlman yon klas. Se yon kominote. Se yon espas kote ou pa pou kont ou ankò nan lajan. Byenveni lakay ou, bestie 💛Ann pale lajan, ann grandi, ann pwospere ansanm.