💳 Frè Manm & Sa Ki Enkli Nan Kominote a
Hey bestie đź’›
Pou tout bagay rete klè epi senp, men kijan Your Financial BFF Community fonksyone.
💰 Frè manm lan
Kominote sa a se yon abònman chak mwa.
Frè a se $25 pa mwa pou manm fondatè yo.
Frè sa a pèmèt mwen:
• Prepare klas yo
• Fè klas Zoom chak semdi
• Mete replay yo disponib
• Kontinye pote valè ak edikasyon finans an kreyòl
🧾 Kijan pèman an mache
• Peman an fèt otomatikman chak mwa
• Ou ka anile abònman ou nenpòt kilè
• Pa gen kontra, pa gen obligasyon
📚 Sa ki enkli nan manm lan
Avèk abònman ou, ou gen aksè a:
• Klas Zoom chak samdi a 2 PM
• Replay klas yo sove nan Skool
• Edikasyon finans an kreyòl
• Leson sou bidjè, ekonomi, kredi, ak pwoteksyon
• Eksplikasyon senp sou asirans lavi, retrèt, ak baz envestisman
• Envite espesyal detanzantan
• Aksè dirèk ak mwen ak kominote a
⚠️ Sa pou konnen
• Sa se edikasyon finans, pa konsèy pèsonèl oswa sèvis reparasyon kredi
• Tout opòtinite biznis oswa pwodwi yo toujou opsyonèl
• Ou pran desizyon ki pi bon pou ou, san presyon
Si ou la, se paske ou pare pou envesti nan tèt ou ak nan avni finans ou 💸
Mwen kontan fè wout sa a ak ou, bestie.
0
0 comments
Dawoonah Pierre
1
💳 Frè Manm & Sa Ki Enkli Nan Kominote a
powered by
Your Financial BFF Community
skool.com/your-financial-bff-community-7933
Vini jwenn yon espas kote ou ka aprann, grandi, epi pran kontwòl sou lajan'w!
Finans, bidjè, ekonomi, kredi ak pwoteksyon.
Zoom klas chak samdi.
Build your own community
Bring people together around your passion and get paid.
Powered by