Hey bestie, mwen kontan ou la 🫶🏾
Kominote sa se yon safe space, san jijman, kote nou aprann pale lajan klè nan lang nou kreyol, epi pran kontwòl sou finans nou, etap pa etap.
Kominote sa a se pou ou si:
• Ou vle konprann lajan san strès
• Ou vle aprann fè bidjè, ekonomize, ak itilize kredi entèlijaman
• Ou vle konprann jan sistèm finans mache nan etazini
• Ou vle konprann asirans lavi, retrèt, ak pwoteksyon finansye
• Ou vle grandi finansyèman ak sipò yon kominote ki konprann ou
Sa ou pral jwenn isit la:
• Edikasyon finans an kreyòl, fasil pou konprann
• Klas sou bidjè, ekonomi, kredi, pwoteksyon, ak baz envestisman
• Leson sou asirans lavi, retrèt, ak opòtinite finansye
• Envite spesyal detanzantan
• Aksè dirèk ak mwen ak kominote a
Kijan sa mache:
• Nou gen klas Zoom live chak samdi a 2 PM
• Lyen Zoom la ap toujou poste isit la nan calendar a.
• Si ou rate klas la, anrejistreman an ap poste nan kominote a.
• Ou ka poze kestyon, pataje, epi aprann nan ritm ou.
Sa a se pa sèlman yon klas.
Se yon kominote.
Se yon espas kote ou pa pou kont ou ankò nan lajan.
Byenveni lakay ou, bestie
đź’›Ann pale lajan, ann grandi, ann pwospere ansanm.