Bonjou bestie!
Depi ou fin li mesaj byenvini an, men règ kominote a pou tout moun ka aprann, grandi, epi santi yo alèz.
Tanpri li byen epi respekte yo:
1️⃣ Respekte tout moun
– Pa gen move pawòl, joure, zen, kritik malveyan, oswa jije lòt moun.
2️⃣ Pa fè spam oswa pwomosyon pwòp tèt ou
– Pataje sèlman bagay ki gen rapò ak finans oswa ki ka ede kominote a, siw bezwen promosyon anliy m ka edew ekrim prive.
3️⃣ Rete sou sijè a
– Diskisyon yo dwe konsantre sou finans an jeneral.
4️⃣ Konfidansyalite
– Sa ou pataje nan kominote a rete nan kominote a.
5️⃣ Patisipe aktivman
– Poze kesyon, pataje eksperyans, epi angaje nan diskisyon pou kominote a ka aprann e grandi ansanm.
Nou tout isit la pou aprann ansanm, grandi ansanm, epi pwospere finansyèman. 💖💸