Hey bestie! 💖
Nou deja akeyi ou, kounye a li lè pou nou chwazi pale yon ti kras sou tèt nou.
Nou swete chak moun santi yo alèz epi patisipe!
Men sa pou fè:
1️⃣ Prezante tèt ou – non ou, nan ki state ou ye, ak poukisa ou enterese nan aprann plis sou finans.
2️⃣ Di nou ki objektif finansye ou – èske ou vle aprann plis sou bidjè, ekonomi, kredi, envestisman, oswa asirans?
3️⃣ Pataje ki sijè ou ta renmen m pale plis ladan yo pandan klas samdi yo.
Pa pè pataje!
Kominote sa a se yon espas san jijman, kote nou tout aprann ansanm epi grandi finansyèman. 💸✨
Ann kòmanse! 🎉