Nan kou sa a, wap aprann etap pa etap kijan pou w jenere videyo moun k ap danse ak entèlijans atifisyèl, menm si ou pa gen okenn eksperyans avan. Tout leson yo fèt de fason senp, klè, epi pratik, pou nenpòt moun ka suiv yo san difikilte.
Ou pap bezwen montre figi w ditou, e ou pap bezwen kamera chè ni ekipman pwofesyonèl. Tout sa wap bezwen se telefòn ou ak bon direksyon. Mwen pral montre w kijan pou w sèvi ak zouti AI yo kòrèkteman pou kreye videyo ki atire atansyon, ki rete viral, epi ki kanpe deyò sou TikTok ak lòt platfòm sosyal.
Nan kou a, wap aprann:
- kijan pou kreye videyo ki fè moun rete gade jiska lafen
- kijan pou jwenn plis abòne, plis views, ak plis angajman
- kijan pou evite erè débutan yo
- kijan pou itilize estrateji ki mache jodi a, pa teyori
Kou sa a fèt pou moun ki pare pou aprann, aplike, epi pran AI oserye.