Rezo Antreprenè (RA) se yon kominote ki la pou ankouraje edikasyon biznis, devlopman antreprenarya ak pataj konesans. Objektif nou se ede antreprenè, etidyan ak moun ki vle kreye pwòp biznis yo jwenn konesans, konsèy ak opòtinite pou avanse.
Nou ankouraje kolaborasyon, inovasyon, lidèchip ak devlopman pwofesyonèl. Nou kreye yon espas kote manm yo kapab pataje eksperyans, aprann nouvo estrateji, dekouvri opòtinite epi devlope rezo kontak yo.
Rezo Antreprenè, aprann ansanm, konekte ansanm, grandi ansanm.