Nan kominote Learn & Earn, Wap jwenn fòmasyon senp ak pratik sou biznis sou entènèt pou ede ou devlope bon konpetans epi kreye plis opòtinite.
Men kou wap jwenn nan Learn & Earn:
1. TikTok Shop
Aprann kijan pou kreye epi devlope yon biznis sou TikTok Shop, konprann etap enpòtan yo, epi kòmanse vann pi byen sou platfòm la.
2. Amazon
Aprann kijan pou kòmanse vann sou Amazon, fè rechèch sou pwodwi, epi konprann baz yo pou antre nan mache a avèk plis konfyans.
3. Walmart
Aprann kijan pou vann sou Walmart, konprann etap enpòtan yo, epi prepare tèt ou pou devlope biznis ou sou platfòm sa a.
Pifò kou yo ap disponib sou fòma videyo, konsa chak manm ap ka gade yo nenpòt lè yo vle, selon tan pa yo. N ap ajoute tou kèk jou Zoom pou plis eksplikasyon, kesyon/repons, ak sipò.
Objektif kominote a se bay bon gid, estrateji ki fasil pou konprann, ak yon espas kote moun ka aprann, poze kesyon, epi grandi ansanm.
Learn & Earn la pou ede w aprann, pran aksyon, epi vanse.