User
Write something
Acandemy
FONDASYON AK METODOLOJI 1)
1
0
Acandemy
ORÈ ASWÈ (Lendi ak Jidi)
Bonjou ekip Aswè a! Men orè ofisyèl nou pou klas yo. N ap gen randevou 2 jou nan semèn nan: Lendi ak Jidi. Klas nou an ap kòmanse ofisyèlman a 10:00 PM epi n ap pase 2 èdtan ansanm (n ap fini a 12:00 AM minit). Prepare tèt nou pou n pran gwo konesans anvan n al dòmi. Pa pran reta!"
PLAN GELIN TRADING ACADEMY
Gid Etap pa Etap pou soti nan Fondasyon rive nan Kont Finanse (Funded Account) MWA 1: FONDASYON AK METODOLOJI "ELITE" Semèn 1: Fondasyon Mache a & Kisa ki Trading? • Kisa ki Trading la menm? Konprann echanj lajan ak fason mache mondyal la fonksyone. • Istwa ak Patisipan yo: Kiyès k ap bouje mache a? (Gwo Bank yo, Enstitisyon, ak ti Trader tankou nou). • Lwa Of ak Demann (Supply & Demand): Prensip debaz ki fè pri yon bagay moute oswa desann. • Pips, Lots, ak Leverage: Aprann langaj teknik trading lan pou w pa pèdi nan kalkil. Semèn 2: Ekosistèm ak Konfigirasyon Zouti • Broker vs Prop Firm: Ki kote lajan w ye? Poukisa nou konsantre sou chimen Topstep la. • TradingView an detay: Kijan pou w konfigir grafik ou pwòp tankou yon pwofesyonèl. • MetaTrader 5 (MT5): Kijan pou w konekte kont ou, mete yon Buy/Sell, ak kijan pou w mete Stop Loss ak Take Profit. • Anatomi yon Bouji (Candlestick): Li istwa chak bouji ap rakonte (Open, Close, High, Low) Semèn 3: Analiz Teknik & 5 Estrateji Gelin Academy • Estrikti Mache a: Idantifye yon Uptrend (mache k ap moute), Downtrend (mache k ap desann), ak Konsolidasyon. • Vrè Support ak Resistance: Kijan pou w trase zòn kle yo kote mache a gen gwo chans pou l reyaji. • 5 Estrateji Elite yo: • Estrateji 1: Rejection sou Support/Resistance. • Estrateji 2: Breakout & Retest. • Estrateji 3, 4, & 5: Konbinezon Trendlines ak Fair Value Gaps (FVG) sou Gold (XAUUSD) Semèn 4: Jesyon Risk & Plan Disiplin • Règleman an Lò: Poukisa nou riske sèlman 1% oswa 2% pa trade. • Kalkilatris Lot Size: Kijan pou w kalkile gwosè trade ou anvan w klike pou w pa janm boule kont ou. • Journal Trading: Kijan pou w ekri chak trade ou fè pou w ka aprann nan erè w yo. MWA 2: PRATIK LIVE AK FINANSMAN (TOPSTEP) Semèn 5 & 6: Live Trading & Aplikasyon nan Mache a • Aksyon an Live: Antre nan mache a ansanm nan lè sesyon ou an (Maten: 8-10 AM / Aswè: 9-10 PM). • Ekzekisyon ak Pasyans: Aprann tann mache a vini nan zòn nou an san n pa kouri dèyè pri a.
ORÈ MATEN (Lendi ak Jidi)
Bonjou ekip Maten an! Men orè ofisyèl nou pou klas yo. N ap gen randevou 2 jou nan semèn nan: Lendi ak Jidi. Klas nou an ap kòmanse ofisyèlman a 9:00 AM epi n ap pase 2 èdtan ansanm (n ap fini a 11:00 AM). N ap gen tan pou n dekortike grafik yo an detay. Pote kaye nou ak kreyon nou! Disiplin lan se kle a."
1-6 of 6
Gelin Trading Academy
skool.com/gelin-academy
Gelin Trading Academy se kote wap aprann trade e wap vinn yon trader rentab
Leaderboard (30-day)
Powered by