Nou montre kominote Ayisyen an kijan pou bati yon vrè biznis e-commerce nan Etazini — an Kreyòl, ak yon coach an dirèk chak jou.
KISA W JWENN
🎓 Plis pase 14 èdtan fòmasyon an Kreyòl: Amazon FBA (44 leson), Walmart Marketplace, eBay, ak Kredi & Funding.
📞 14 klas an dirèk chak semèn, divize an nivo — N1 pou moun ki fèk kòmanse, N2 pou moun k ap vann deja.
👥 5 coach ak espesyalite yo: kont Amazon, Walmart, eBay, fondasyon legal, ak estrateji.
🏢 Yon warehouse Miami: voye pwodwi w ban nou, nou prepare yo epi voye yo bay Amazon oswa Walmart pou ou.
🤝 Yon kominote kote gen moun ki fèk fè premye $72 yo, ak moun ki depase $30,000 pa mwa.
POU KIYÈS LI FÈT
Moun k ap kòmanse premye biznis yo, ki pa janm vann sou entènèt, epi ki pi alèz aprann bagay konplike an Kreyòl. Se pa yon pwogram pou moun k ap chèche lajan fasil — se pou moun ki pare pou travay.
KIJAN POU KÒMANSE
Ale nan Classroom, nan klas "KÒMANSE LA". 12 leson, yon èdtan, epi w ap konnen kisa pou w fè.